"Marasa" lyrics - WYCLEF JEAN

WYCLEF JEAN
"Marasa"
feat. Dadi Beaubrun

[Intro:]
Mwen pap janm bliye
Le mwen te gen 2 zan
Lapli t'ap koule
Mwen toutouni m'ap danse san pwoblem
Se le sa yon ti granmoun k'ap fimen yon pikachimbo
Li vin mande'm kote band lan ale
Se le sa mwen tonbe chante

Rara komanse [3x]

Dadi gad misye k'ap rale zam!
Ou anvi tire pep lan ou fou?! (BRRR)

[Hook:]
Ou met detwi ko mwen, ou paka detwi nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avek ou a
Ou met fiziye ko mwen, ou paka fiziye nanm mwen
Nanm mwen se sa k'ap e pale avek ou a

Gade jan y'ap pale fo men le nou pral fini
Mwen we nou sou beach avek fi ak bikini
N'ap bwe 5 zetwal, gade jan n'ap viv
Timoun piti yo paka achte yon liv
M'ap di yo siviye HIV
Si nou pa met pante nou n'ap e tounen zonbi (uh huh)
Chyen k'ap touye chat, siviye'n
Paske yon let chat lan gen pou'l grafouyen'w
Bondye fe pwomes li pap janm bliye pitit li yo
Si'w kwe nan li l'ap fe'w mache sou dlo

[Hook]

Pep lan pran kou a
Ou di mwen fou a
Chak fwa m'pale mwen pale de Ayiti a
Si m'pa pale, woch ap pale
Si'm pa chante, zwazo ap chante
Klou klou diklou, klou klou diklou
Pandan m'ap domi, mwen reve syel la
Le mwen gade byen mwen we'l di "Viktwa"
Viktwa pou Ayiti, se le sa mwen sonje
Mwen menm avek ou nou se pitit Bondye
E Bondye pap janm bliye pitit li yo
Si'w kwe nan li l'ap fe'w mache sou dlo

Blackout (Woy!)
Gade peyi an pran yon blackout
Mezanmi kot flashlight lan mezanmi?
Blackout (Vinn a balen lan)
Gade peyi an pran yon blackout
Kot zanj Gabriyel mezanmi?

[Bridge 1: Dadi]
Libete, se sa pep lan ap chante
Inite, nou fe lontan n'ap chache'l
Tet chaje, yon mize ki vin debake
O papa Bondye
Ban'm fos pou m'delivre

[Bridge 2:]
N'ap goumen goumen pou Boukman [3x]
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman [3x]
Ou met pouse piga ou pile'm
N'ap goumen goumen pou Boukman [3x]
Paske viktwa li se pou nou
N'ap goumen goumen pou Boukman [3x]
Jis tan nou ka viv nan lape

Marasa [3x]
Mwen menm a Ayiti se marasa nou ye

[Repeat]

[Hook]

Kot zanj lan?

[Bridge 1]

[Bridge 2]